
Règleman rèbousman
Pwodwi dijital: 3 jou pou deside
1. Ki lè ou ka mande rèbousman?
Lè ou achte yon pwodwi dijital (fòmasyon, kou, aksè platfòm), ou gen 3 jou kalendriye depi premye jou achte a pou ou mande rèbousman. Si ou pa kontan, ou pa wè valè a, oubyen ou deside ke sa a pa pou ou, ekri nou anvan 3 jou sa yo fini.
2. Ki jan pou ou mande rèbousman?
Voye yon imèl bay support@yesyesyeslife.com avèk non ou, imèl ou te itilize pou achte a, ak rezon ou vle rèbousman an. Nou pral trete demand ou a nan 5 jou travay.
3. Apre 3 jou, pa gen rèbousman
Paske sa a se yon pwodwi dijital ak kontni ki bay aksè imedyat, nou pa ka ofri rèbousman aprè peryod 3 jou a. Si ou depase dat limit la, nou ka wè ak ou pou lòt opsyon (renouvèlman, transfè, oswa koutchin), men pa gen ranbousman lajan.
4. Èske depo $497 la rebousab?
Wi. Depo $497 la sèvi pou rezève plas ou epi pou nou fè yon apèl kalifikasyon avè w. Si apre apèl la nou wè ou pa yon bon fit pou pwogram nan, nou remèt ou $497 la nèt. Menm jan an, règ 3 jou a aplike pou tout lòt peman ou fè nan pwogram nan.
5. Kesyon?
Si ou gen nenpòt kesyon sou règleman sa a, ekri nou nan imèl ki anwo a. Nou la pou ede ou klere tout bagay anvan ou achte.
© Yes Yes Yes Life | Virtual Sales Academy